Chant d'Espérance Revival
1

Rédanmtè mouin mouri sou la koua

Chants d'Espérance Kreyòl

Gnou chan sou lanmou Bon-Dieu: Jézu mouri sou la koua pou tout moun ki kouè nan li ka viv.

▶ Écouter sur YouTube
1

Rédanmtè mouin mouri sou la koua
Pou moun kapab viv ki résévoua-l.
Li vi-n rachté tout moun nan péché,
Si nou kouè, nou papé kondanné.

Kè

Lè Bon-Dieu ouè gnou péchè (2 foua)
Tout kouvri avèk péché-l.
Mét la foua-l nan Jézu, li padonnin-l.

2

A! ou mèt pi méchan sou la tè,
Kè ou mèt du tankou gnou bout fè,
Si ou vi-n jouinn Jézu pou Sovè
Tout sièl la kontan ou délivré.

3

Bon-Dieu bon, li ban nou pitit li,
Pandan nou gin la vi, répanti,
Paské kolè Bon-Dieu sé di fé;
Kouri, vi-m sòti anba malè.

4

Vi ou doué pròp tankou Jézu-Kri,
San-l va lavé ou, oua gin Léspri.
Vini! Vini! tan an ap pasé;
Si ou mizé tròp, sa ou va fè?

Précédent51 · Une porte seulementSuivant2 · San pa Jézu gin gran valè