Chant d'Espérance Revival
10

Tout bonè mouin nan Jézu-Kri

Chants d'Espérance Kreyòl

Gnou chan témouagnaj: nan santé kou nan maladi, Kris pou mouin!

▶ Écouter sur YouTube
1

Tout bonè mouin nan Jézu-Kri,
Kris pou mouin! (2 foua)
San Jézu mouin pa gin la vi,
Kris pou mouin!
Sé li ki Roua-m, li sé Sovè-m,
Sé li-minm tou ki bon doktè-m,
Si-l pa té la, sa mouin ta fè?
Kris pou mouin! (2 foua)

2

Mouin kité-n ap chaché lajan,
Kris pou mouin! (2 foua)
Mouin gin kichoy pi konsékan,
Kris pou mouin!
Si ou ban-m rad avèk bijou,
Si ou fè-m rich nan gnou sèl jou,
Tou sa sé pa angnin toujou,
Kris pou mouin! (2 foua)

3

Nan santé kou nan maladi,
Kris pou mouin! (2 foua)
Lè kè-m kontan, lè m-ap soufri,
Kris pou mouin!
Lè tan-m rivé pou mouin mouri,
Lésé tout bagay nan la vi,
Mouin pap krié, mouin pap kouri,
Kris pou mouin! (2 foua)

Précédent9 · Nan pouin lan mò! Krétiin yo pa kab pèduSuivant11 · San Jézu mouin pa kapab viv