Chant d'Espérance Revival
119

O Ségnè, nou pòté rémèsiman

Chants d'Espérance Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1


O Ségnè, nou pòté rémèsiman
Pou biinfè ou ki anpil:
Ou fè tè Daiti-a trè fètil
Pou pa manké aliman.
O Bon Papa! (2 foua)
Pitit ou yo rann ou gloua!
Alélouya!

2


O gadé ki biinfè Bon-Dieu ban nou:
Nou jouinn rékolt san konprann
Sa-k pasé nan pié kafé, poua, bannann,
Nan pié flè nou ouè patou.
A la mèvèy! (2 foua)
A la Bon-Dieu bon papa!
Alélouya!

3


Min Dieu di: Pin sèl pa kab bay la vi.
Gnou lè nou pap manjé, bouè.
Li vlé pran souin nou isit sou la tè
Pou nou viv nan Jézu-Kri.
O pran kè nou! (2 foua)
Ban-Papa ki rinmin nou!
Alélouya!

Précédent118 · Mouin té chouazi nèt pou toujouSuivant120 · Nap chanté gnou kantik Noèl