128
Ségnè, kondui mouin chak jou
Chants d'Espérance Kreyòl
1
Ségnè, kondui mouin chak jou
Koté ou vlé pou-m alé;
Fè-m konnin volonté ou,
Montré mouin sa-m gin pou fè.
2
Ban mouin kouraj nan danjé,
Montré-m chaché sékou ou,
Fè-m konn ou kapab sové,
Gadé mouin nan amou ou.
3
Lè-m tanté pou fè lé mal,
Fè mouin rété fò é fèm,
Elè mouin kanpé tou sèl,
Avèk min ou protéjé-m.
4
Lè kè mouin ranpli la joua,
Edé mouin pou-m sonjé ou.
Sa ki fè mouin pi kontan
Sé amou ou gin pou mouin.
5
Lè travay mouin sanblé di
Edé-m gin pèsévérans.
Nan soufrans, nan maladi
Ban-m kouraj ak pasians.
6
Edé-m fè tou sa ki bon,
Kòm pitit ou sou la tè.
Lè la vi mouin doué fini,
Kité-m al nan sièl ak ou.