Chant d'Espérance Revival
46

An nou chanté amou Jézu

Chants d'Espérance Kreyòl

Gnou chan sou sièl la: lè nou tout la, na chanté la viktoua toujou.

▶ Écouter sur YouTube
1

An nou chanté amou Jézu,
Chanté tandrès ak gras tou,
Nan bèl kay yo ki nan sièl la
Lap paré gnou plas pou nou.

Kè

Lè nou tout la nan sièl la,
Ki gran jou réjouisans sa va pou nou.
Lè nou tout ouè Jézu
Na chanté la viktoua toujou.

2

Tout lè nap maché sou tè sa,
Doulè kapab nui nou fò,
Min lè vouayaj nou va fini
Nan pouin dlo nan jé ankò.

3

An-n chaché pou nou ak Jézu,
Tou suit na ouè jan li bèl.
Tou suit pòt sièl la va louvri,
Na maché an ro avè-L.

Précédent45 · Non Jézu gin gnou son si douSuivant47 · Tout moun ki rété sou la tè, chanté lé Ségnè