85
Nou pa krinn ankò, ni troub ni lan mò
Chants d'Espérance Kreyòl
Gnou chan sou Sint-Esprit: Jézu ki alé, voyé lé Sint-Esprit.
1
Nou pa krinn ankò,
Ni troub ni lan mò!
Léspri a vi-ni,
Jézu ki alé, voyé lé Sint-Esprit.
2
Jézu ki la pé,
Nan sièl la li yé.
Li voyé gnou gaj
Ki palé nan kè nou gnou bèl témouagnaj.
3
Jézu rinmin nou;
Li pran-n nan la bou;
Li fè-n gnou kado,
Li pap janm ouété Sint-Esprit a ankò.
4
Li, ki avèk nou,
Sèvi kou gid tou.
Li ban nou lamou,
Li tabli rouayom lamou li nan kè nou.
5
Tout moun yo ki kouè,
Yo va délivré:
Yo konnin la pé,
Ak puisans é la joua, yo va délivré.
6
An nou plin la joua,
Chanté ak tout voua,
Nap suiv lé Ségnè,
Nap vink avèk li juska la dènié è.