68
Ban mouin kè ou, di Bon-Dieu nan sièl la
Chants d'Espérance Kreyòl
Vèsion kreyòl « Give Me Thy Heart »: dousman Li palé ou koté ou yé.
1
Ban mouin kè ou, di Bon-Dieu nan sièl la,
Pa gin lòt kado pi bon pasé sa,
Dousman Li rélé ou koté ou yé;
Mété konfians nan mouin, ban mouin kè ou.
Kè
Ban mouin kè ou, (2 foua)
Dousman Li palé ou koté ou yé,
Nan lé monn ténèb Li vlé minnin ou,
Dousman Li palé ou:
Ban mouin kè ou.
2
Ban mouin kè ou, di Jézu, Sovè nou,
Nan mizèrikòd Li rélé ankò:
Kité péché ou é tout movè zèv,
Mouin té mouri pou ou, ban mouin kè ou.
3
Ban mouin kè ou, di Léspri, trè dousman,
Tou sa ou gingnin ban-m kinbé-l pou ou,
Mouin gin anpil gras pou ba ou chak jou.
Konsakré tout bagay, ban mouin kè ou.