69
Lè ou konnin bon Sovè mouin
Chants d'Espérance Kreyòl
Gnou chan joua: lè ou konnin Jézu, kè ou va chanté louanj li.
1
Lè ou konnin bon Sovè mouin,
Lè ou aksépté amou li,
Kè ou va chanté avèk joua,
Lè ou konnin Jézu.
Kè
Lè ou konnin-l, (2 foua)
Ou-a rinmin-l kòm nou zòt yo, tou;
Kè ou va chanté louanj Li,
Lè ou konnin Jézu nou.
2
Joua Li va réjoui ou chak jou,
Lumiè Li tonbé sou rout ou,
E promès Li va dous pou ou,
Lè ou konnin Jézu.
3
Ou-a konpran mizèrikòd Li,
Ou-a santi la pè Li toujou,
Lan mò pa gingnin pè pou ou,
Lè ou konnin Jézu.
4
Ou-a ouè Li kondui nan bon rout,
Ou-a kité-L kondui ou toujou,
Ou-a rakonté tou sa Li fè,
Lè ou konnin Jézu.