Gin gnou zanmi, gnou bon zanmi
Gnou chan sou pi bon Zanmi an: ki moun kapab séparé mouin avèk Li?
Gin gnou zanmi, gnou bon zanmi,
Li rinmin-m dépi tout tan.
Li gingnin kè mouin ak lamou,
Li tankou chinn pou kinbin-m.
Pèsòn pa kab kasé chinn nan,
Li kinbé-m pa lamou li.
Mouin pou Li-minm, Li pou mouin tou,
Pou tout tan é pou tout tan.
Mouin pou Li-minm, Li pou mouin tou,
Pou tout tan é pou tout tan. (2 li-n 2 foua)
Gin gnou zanmi, gnou bon zanmi.
Li té mouri pou sové-m,
Li té ban mouin, avèk la vi,
Gnou lot kado, sé Li-minm!
Tou sa-m gingnin, sé pa pou mouin,
Tout bagay sé pou Zanmi-m;
Kè mouin, é vi-m, tout sé pou Li,
Tout sé pou Li pou tout tan.
Gin gnou zanmi, gnou bon zanmi,
Li gin bon kè, Li janti.
Li sé gnou gid, gnou konséyé,
Epi Li konn défann mouin.
Ki moun kapab séparé mouin
Avèk Li-minm kap rinmin-m?
Ni nan lan mò, ni lanfè minm!
Non! Mouin pou Li pou tout tan.