80
Jézu rélé-n nan tout touman
Chants d'Espérance Kreyòl
Vèsion kreyòl « Jesus Calls Us »: O Krétiin, suiv mouin.
1
Jézu rélé-n nan tout touman
La vi nou ki kou tanpèt,
Tou lé jou voua Li rézonné,
Li di: O Krétiin, suiv mouin.
2
Lè apot yo té konn tandé-l
Koté la mè Galilé,
Yo té kité kay ak zanmi,
Tout bagay pou tèt non Li.
3
Jézu rélé-n pou nou kité
Lé monh ak tout vanité,
Tout idòl avèk tout malis,
Li di: Krétien, rinmin-m plis.
4
Nan la joua é nan la tristès,
Lè nou jinnin ou a lèz,
Ninpòt lè, é nan ninpòt rout
Li di-m: Pran ka-m pasé tout.
5
Jézu rélé-n! Nan pitié ou,
Sovè, fè-n tandé voua ou;
Ban nou kè ki obéisan
Pou sèvi, rinmin tout tan.